
Sa gen plis pase 200 000 an, depi moun te toujou nan chèche nouvo teritwa, konkeri yo oswa etabli yo la. Se pou n antre nan yon vwayaj nan lespas ak tan. Sosyete Ewopeyèn yo souvan konsidere migrasyon tankou yon pwoblèm ki ka mezire sou baz kèk nimewo. Vizyon sa a bay ti atansyon sou vwayaj endividyèl migran yo epi li gen tandans mete yo nan kategori esteryotip. An reyalite, migran yo te toujou kontrebann, ajan transfè kiltirèl epi finalman faz siksesif nan entènasyonalizasyon, prelid globalizasyon.
Repiblik Dominikèn (RD) ak Repiblik DAyiti pataje menm espas zile a. Sa eksplike an pati ke imigrasyon ayisyèn nan Repiblik Dominikèn te toujou egziste. Sepandan, imigrasyon sa a te ogmante nan 19yèm syèk la, rive nan yon echèl konsiderab nan 20yèm syèk la pandan okipasyon amerikèn. Soti 1915 pou rive 1934, Etazini te okipe Ayiti, answit 1916 pou rive 1924 yo te okipe Repiblik Dominikèn, sa vle di pou yon sèten peryòd Etazini te okipe tout zile Ispanyola a. Pandan peryòd sa, Etazini te etabli yon ekonomi plantasyon ki baze sou kann, pou yo grandi rekòt yo avèk siksè, yo te voye je sou travayè ki pa kalifye e ki pa peye. Byen vit, Dominiken yo te eksprime repiyans yo anvè travay sa a ke yo te o final meprize. Pou yo, se travay « pou anyen » ki ta koresponn plis ak « yon ayisyen »… Pasaj listwa sa a montre yon bò repitasyon ayisyen an nan Repiblik Dominikèn epi li andose tou sa yo rele « enferyorite » pèp ayisyen an nan lespri yon franj nan dominiken yo.
Kòz imigrasyon ayisyèn nan: pwoblèm sosyal, ekonomik ak anviwònmantal
Lè sa a, nou ka mande tèt nou poukisa Ayisyen ap foule tè Repiblik Dominikèn konsa
?
Anplis tradisyon ekzil la, rezon an klè : se nan espwa jwenn pi bon kondisyon lavi. Vrèmanvre, Ayiti se yon eta frajil ki soufri yon to chomaj ki wo anpil, dezòganizasyon sèvis sante yo, ansanm ak yon enstabilite politik ekstraòdinè. Anplis de sa, li enpòtan pou mete aksan sou endepandans peyi sa ke pisans nan epòk la pa t vle rekonèt kòm yon nasyon lib epi endepandan, sa pral lakoz lafrans pral fè Ayiti peye yon pakèt lajan pou li rekonèt yon endepandans ke l te genyen avèk san. Ekonomi plantasyon an t ap pwospere etan Repiblik Dominikèn, sa vle di li te ofri opòtinite travay ke Repiblik Dayiti pa t kapab ofri sitwayen li yo.
Soti nan lane 1980 yo, dinamis sa a te afime tèt li. Lè sa a, nou rive konstate yon ogmantasyon nan domèn komès ant de pati yo nan zile a, osi byen ke devlopman ak kwasans nan relasyon komèsyal yo. Sa konkretize, pa egzanp, atravè aparisyon mache ki genyen nan espas fwontyè yo. Ajoute sou rakèt sòlda dominiken yo nan ede Ayisyen travèse fwontyè a pou al travay nan Repiblik Dominikèn. Konsa fenomèn imigrasyon ilegal la t ap grandi.
Ane aprè ane, imigrasyon ilegal nan Repiblik Dominikèn ap ogmante akoz enstabilite peyi Ayiti, pou sa otorite RD yo anonse nan komansman mwa oktòb la yo pral voye tounen chak semèn an Ayiti 10 000 resòtisan ki nan sitiyasyon ilegal sou teritwa yo a.
<>, se sa pòt pawòl prezidan dominiken an deklare nan yon kominike aprè yon rankont konsèy sekirite ak defans peyi an fin òganize nan dat 02 Oktòb 2024 la.
02 Oktòb 1937-02 Oktòb 2024, sa fè deja 87 lane depi prezidan dominiken nan epòk la (Rafael Leonidas Trujillo) te pase lame peyi l lòd pou masakre anviwon 37 000 Ayisyen sou teritwa l la, yo te lage kò moun sa yo nan rivyè dayabonn nan, sa ki ta pral koz non rivyè sa transfòme an Rivyè Masak (rivyè ki koze konfli ant 2 peyi yo depi plis yon lane akoz Ayisyen yo deside pran yon priz sou rivyè a pou wouze jaden yo, sa ki koz menm viza konsila dominiken pa bay ak ayisyen). Dat sa ap rete grave nan listwa 2 pèp yo.
Nan “Projet de paix perpétuelle (1795), filozòf Kant Emmanuel (1724-1804) pale de sikilasyon kòm yon dwa inivèsèl, yon dwa pou byen akeyi tout endividi ki rive nan yon peyi etranje. Pou li, se pilye sa ki dwe pwouve nou se sitwayen mond lan. Nan epòk monachi ewopeyen yo, sijè yo pa t gen dwa pou kite kote yo t ap viv lan, men pou jodi a, dwa pou moun deplase (emigre) vin devlope, li fòmile nan atik 13 Deklarasyon Inivèsèl sou Dwa Moun, li di konsa : <>. Sa ki vin rann dwa pou yon moun rantre sou teritwa yon lòt peyi pou plis ke 1 an (imigre) parèt antrave.
Pou Nasyonzini, ki se pi gwo enstans relasyon entènasyonal, yon migran se yon moun ki rezide nan yon peyi etranje pou plis ke 1 an, kèlkeswa koz ak mwayen (legal oubyen ilegal) li te itilize pou migre. Li konn parèt difisil pou distenge si se yon chwa volontè oubyen yon koz fòse ki fè moun nan deplase paske 2 kategori moun sa yo souvan pran menm wout, yo souvan twouve yo nan menm sitiyasyon. Chwa volontè yo souvan fèt sou baz sitiyasyon ekonomik; tandiske enstabilite, kriz politik, gè, pwoblèm anviwònmantal fè pati koz majè migrasyon ki fèt sou baz fòse a. Yon bon kantite nan migran sa yo konn benefisye estati refijye, ki se, daprè premye atik Konvansyon Jenèv sou Estati Refijye (1951) :<>.
Pou anpil peyi, migran yo souvan prezante sou fòm menas, se pa san rezon peyi peyi Grès bati yon mi sou rivyè evwòs nan fwontyè li ak peyi Tiki; peyi Etazini konstwi yon mi byen long sou fwontyè li pataje ak peyi Meksik. Menm Mediterane a vin pa rezime sèlman ak yon lanmè ki pataje peyi nò ak peyi sid ankò men pito yon liy ki separe 2 gwoup moun diferan. Nan konsepsyon anpil moun, lè etranje a sòti nan blòk sid lan, li konn pafwa endezirab.
Menm migran sa yo tou konn prezante tankou yon potansyèl devlopman. An 2009, Pwogram Nasyonzini pou Devlopman fè konnen ke yo dwe konsidere “mobilite entènasyonal” tankou yon faktè devlopman. Mouvman (ale-vini) sa yo prezante sou
fòm opòtinite paske avèk popilasyon mondyal la ki prevwa stabilize l ant 9 a 11 milya moun an 2050, gen yon pakèt rejyon nan mond lan popilasyon yo pral vyeyi, sa k pral koze yon mank mendèv nan divès sektè ekonomi an. Jiska jodi a, pi gwo opòtinite yo asosye ak zafè migrasyon, se fason l kontribiye nan devlopman.
Nan menm dosye migrasyon entènasyonal la, ou vin jwenn “Diplomasi” an ki ouvè kò l sou divès fòm, swa sou baz akò ki siyen ant 2 peyi yo (peyi orijin ak peyi akèy) sou rantre-sòti migran yo, diplomasi dyaspora yo etabli ant yo menm, swa sou baz gwo konferans miltilateral (plizyè peyi) oubyen òganizasyon entègouvènmantal ki gen objektif etabli prensip sou fason moun dwe sikile. Kidonk, Migrasyon Entènasyonal se yon pwen esansyèl nan negosyasyon diplomatik.
Negosye mobilite yo
Nan lane 1950 ak 1960 yo, pratik ki te pi frekan nan fenomèn sa se te rekondwi migran yo sou fwontyè peyi ou pataje fwontyè avè l la, pou jounen jodi a sa egzije dabò yon akò avèk peyi orijin nan sou pwen sa, sa k pral voye endirèkteman yon mesaj bay opinyon piblik la pou pwouve yon bò, yo gen plen kontwòl sou migran yo; yon lòt bò, pou dekonseye deplasman ilegal k ap planifye pou fèt yo.
Akò sa yo konn souvan koze gwo panik akoz Peyi orijin (kote migran yo sòti an) kapab refize aksepte yo, migran sa yo konn tèlman trete ak vyolans sa ki konn menm abouti ak ka lanmò. Malerezman, anpil dispozisyon nan akò sa yo souvan rete sekrè.
Mobilite yo pa sèlman negosye nan yon kad bilateral (2 peyi), li konn pran an kont faktè entegrasyon rejyonal yo tou. Inyon Ewopeyèn se veritab egzanp nan domèn sa, nan atik 8 “Traité de Maastricht (1992)”, prensip sa bay dwa ak tout sitwayen ewopeyen pou enstale epi travay kote yo swete l nan rejyon an, menmsi prensip sa pa aplike menmjan nan ka CEDEAO, CARICOM oubyen nan ANAS. Koz majè ki konn jwe sou efektivite akò sa yo se souvan konfli ak kriz ki konn pouse chak peyi yo fèmen espas pa yo.
Akò 2 peyi yo sou dosye “rapatriman”
Nan yon sans laj, Ayiti ak RD atann yo sou divès akò (bilateral), pami yo gen youn ki konkli nan mwa desanm 1999 (Préval-Fernandez), ki pote non “Pwotokòl Akò sou Kondisyon Rapatriman Ayisyen yo”, ladan l gen 8 pwen enpòtan :
-Entèdiksyon rapatriman nan nwit
-Migran Ayisyen an pa dwe separe de fanmi l non plis nan moman rapatriman an
-Rapatriman yo dwe fèt sou zòn fwontalyè (ofisyèl) yo sèlman
-Migran y ap voye tounen an dwe jwenn aksè pou rekipere kòb li travay epi byen li genyen sou teritwa RD
-Chak rapatriye dwe resevwa kopi yon dokiman endividyèl ki gen ladan l manda rapatriman an
-Otorite Dominikèn yo dwe kominike misyon diplomatik ak pòs konsilè ayisyen ki akredite sou teritwa yo an nan yon delè rezonab, lis moun ki nan pwosesis rapatriman an, lè konsa y ap kapab bay ak migran yo asistans nesesè.
-Enstale kèk pòs kontwòl migratwa sou fwontyè a pou evite ayisyen ilegal rantre nan peyi RD.
-Pèmèt Ayisyen ki RD jwenn dokiman nesesè pou pi byen idantifye yo. Nou ka konstate aklè se kontrè tout atik yo ki fè sifas, tout vyole.
2 peyi yo siyen epi ratifye divès konvansyon Entènasyonal, siyen answit ratifye yo mete chak peyi yo nan obligasyon pou respekte yo. Desizyon otorite Dominikèn yo pran la vyole atik 1,2,3,6,15,22,30
-Deklarasyon Inivèsèl sou Dwa Moun
-Pak Entènasyonal Dwa Sivil ak Politik
-Konvansyon Entè-amerikèn sou Dwa Moun.
Mòd desizyon sa yo pran gwo distans ak lwa jiridik entènasyonal yo, pou anpil moun , se yon desizyon yo ka menm kalifye de “Anti-Ayisyen”.
Pi bon posizyon Ayiti ak Kominote Entènasyonal la dwe pran
Sitiyasyon sa egzije yon repons fèm non sèlman de otorite Ayisyèn yo men de kominote entènasyonal la sou baz Konvansyon Jenèv sou Estati Refijye yo (1951) ak pwotokòl li (1967) ki defini dwa ak obligasyon refijye yo e devwa peyi yo genyen anvè yo, Ansuit Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik (1966) ki non sèlman entèdi mòd depòtasyon masiv sa yo e ki garanti dwa pou moun lib pou sikile.
Leta Ayisyen gen obligasyon pou asiste moun yo jan sa dwe fèt e abòde vrè pwoblèm ki koz deplasman pil ayisyen yo, ambasadè/konsil Ayisyen nan Sen Domeng dwe pwoteje enterè resòtisan l yo jan sa dikte nan atik 3 Konvansyon Vyèn sou Relasyon Diplomatik (1961) ak atik 5 Konvansyon Vyèn sou Relasyon konsilè (1963), popilasyon Ayisyèn nan dwe panse yon lòt jan pratik revolisyonè kote y ap bay tèt yo jistis lan.
Sitiyasyon an ijan, li egzije kèk reyaksyon ki pwofon. Diplomasi la pou mete lapè, fas ak konfli bilateral sa k ap agrave pi plis chak jou, Ministè Afè Etranjè Ayiti, atravè anbasadè l yo, dwe mobilize sou dosye sa tout patnè l ki nan òganizasyon entènasyonal rejyonal ke 2 peyi yo ladan pandan li menm l ap abòde konfli an ak Repiblik Dominikèn nan yon kad amikal, menmsi fenomèn rasis la se yon lòt gwo dosye nan relasyon 2 peyi yo pa rapò ak jan franj rasis oubyen ekstrèm dwat nan peyi vwazen an ki enstrimantalize kesyon an pou regle zafè politik.
Malgre tout bouch pa gou ki souvan opoze 2 pèp yo, pèp Ayisyen ak pèp Dominiken kondane epi detèmine pou viv ansanm.

Voguel PETIT-FRÈRE
Etidyan nan Relasyon Entènasyonal
-Aktivis sosyal
-Manb Konsèy Administrasyon “Intelligence Diplomatique & Stratégique”
-Responsab Afè Entènasyonal òganizayon non gouvènmantal “Mille Bonheurs”